Responsab Misyon Kenya a Angaje yo pou Netwaye Wout ak Lari Ayiti yo

Port-au-Prince, Ayiti – Nan yon nòt pou laprès yo pibliye ayè, dimanch 1e septanm 2024 la, responsab misyon Kenya a anonse yon seri operasyon ki gen pou objektif netwaye prensipal wout ak lari peyi a pou pèmèt moun ak machin sikile nòmalman. Dapre kòmandan fòs Kenya a, Godfrey Otunge, operasyon sa yo pral fèt metikulezman « de wout an wout, lari an lari, epi kay a kay. »
Kòmandan Otunge mete aksan sou enpòtans pou ranfòse sekirite nan tout zòn ki gen risk epi kreye yon anviwonman kote bandi yo pa gen okenn espas pou opere. « Nou pap kite okenn espas pou bandi yo opere, » se sa li deklare. Misyon an lanse yon avètisman klè pou gang yo, ki dapre li, « gen devwa pou depoze zam yo epi remèt yo bay gouvènman an pou fè fas ak lalwa. »
Kòmandan an te pwofite moman an pou mande sipò pèp ayisyen an, otorite ayisyèn yo, ansanm ak patnè entènasyonal yo nan lit kont ensekirite ki ap gangrennen peyi a. Operasyon sa yo make yon lòt etap enpòtan nan efò kominote entènasyonal la pou amelyore sitiyasyon sekirite a nan peyi a.
Vwa Pam News
Share this content: