RED ak Compromis Historique denonse sa yo rele yon machinasyon politik kont CPT

Nan yon nòt piblik, RED ak Compromis Historique leve lwa yo pou denonse sa yo konsidere kòm yon tantativ pou destabilize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT). Dapre de fòmasyon politik sa yo, mouvman sa a vize febli òganizasyon an epi ralanti avansman misyon li yo. Yo eksprime sipò total yo pou reprezantan yo nan CPT, Smith Augustin, epi ankouraje Konsèy la pou li rete konsantre sou travay enpòtan tankou:
- Retabli sekirite nan peyi a,
- Fòse Konsèy Elektoral Pwovizwa a (CEP) pou prepare eleksyon ak referandòm,
- Asire estabilite nan tranzisyon politik la.
Diverjans nan mitan manm CPT
Malgre efò pou kenbe yon inite nan mitan manm CPT yo, kèk diferans opinyon parèt sou chwa direktè jeneral yo. Enfòmasyon yo montre ke gen tansyon ki monte nan diskisyon sa yo, sa ki ta ka fè travay Konsèy la pi difisil.
Rimè ak reyaksyon kont presyon entènasyonal
Kèk rimè fè kwè ke kominote entènasyonal la ap fè presyon pou retire twa manm CPT ki ta mele nan eskandal finansye nan Bank Nasyonal Kredi (BNC). Sepandan, yon manm Konsèy Prezidansyèl la, ki te pale ak jounal Métronome, refite ak tout fòs enfòmasyon sa yo. Dapre li, rimè sa yo se yon estrateji pou febli kredibilite CPT.
Manm Konsèy la te presize ke yon desizyon sou eskandal BNC a ap sèlman vini apre yon desizyon jij yo nan dosye sa a. Pou kounye a, yo envite tout pati yo montre pasyans epi travay pou byen peyi a olye de simaye konfizyon.
Sipò total pou misyon CPT a
RED ak Compromis Historique fè apèl bay tout sektè nasyonal yo pou soutni efò CPT nan misyon tranzisyon an, pandan y ap mande dirijan yo pou rete veyatif kont tout tantativ sabòtaj. Sa ki enpòtan kounye a, dapre nòt la, se reyalize objektif kritik ki ka relanse konfyans pèp ayisyen an nan enstitisyon yo.
Vwa Pam News
Share this content: